Soti nan Biwo Kire a

24 jen 2020

Chè pawasyen,

Mwen fè konfyans nòt sa a ap jwenn nou anfòm ak nan bon lespri. Rezon ki fè nòt sa a soti se pou m pataje avèk nou plizyè fason pandemi Covid-19 afekte yon fason negatif, rezo sèvis nou genyen, dyosèz la te konn kapab peye gras a jenerozite repons nou bay dyosèz la nan Kanpapy Apèl Katolik Anyèl, pa lentemyè pawas Sen Jewòm. Mwen trè rekonesan lè m wè jan nou onore angajman nou, poutèt nou toujou kenbe pawòl nou ak sipò nou kontinye bay pawas Sen Jewòm ak Dyosèz Katolik Women nan Brooklyn, espesyalman pandan tan sa a ki san parèy. M ap pwofite okazyon sa a, pou m dekri kèk nan sèvis kle rezo dyosèz la founi. Si tout sa rive fèt, se grasa donasyon dyosèz la resevwa nan men pawasyen bon kè tankou noumenm. Lè nou fin repase lis ki anba a, nou pral wè aklè ki jan lajan yo te aplike. An plis toujou, rezo sèvis Kanpay Apèl Katolik Anyèl la dwe fleksib nan tan sa a ki vrèman san parèy.

1. Koulye a nou bay plis pase 100,000 sèvis manje chak jou nan dyosèz nou an, pou reponn demann la ki ogmante 300%.

2. Plis pase 120 pawas ofri chak jou Lamès andirèk sou sit wèbsayt. Epi plis 144 pawas kominike chak jou avèk pawasyen ki sèvi avèk medya sosyal yo.

3. Edikatè nou yo te oblije aplike rapidman zouti aprantisaj adistans. Yo rete angaje nan fòme kè ak lespri jèn Katolik nou yo.

4. Nou gen 30 omonye ki deplwaye nan lopital nan moman sa a, nan tout minisipalite nou yo, pou konsole malad yo ak moun ki pi frajil yo.

5. Genyen tou klèje nou an, ki konsakre nan sèvis legliz la, moun ki rete nan premye liy batay kont pamdemi kowonaviris la. Yo kontinye anrichi lavi nou espirityèlman e yo te asosye avèk rezo nou an, nan sèvis sipò yo bay pou reponn bezwen lokal yo, nan tout dyosèz nou an.

Kòm nou o konnen, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) predi, pandemi sa a pa pral disparèt nenpòt ki lè byento. Poutèt sa, nou gen tan konprann, nou pral bezwen kenbe repons sa a djanm, pou nou satisfè demann pou sipò pou frè ak sè nou yo nan Kris la. Demann sa ap grandi chak jou. Kòm rezilta, sipò nou vin pi enpòtan, nan sitiyasyon kriz n ap pase la a. Misyon nou rete menm jan an.

Pawasyen angaje, zanmi, Katolik, nou bezwen sipò ou, pou kenbe misyon nou an. Mwen rekonesan anvè 98 moun ki te pran yon angajman pou yo kontribiye nan Apèl Katolik Anyèl 2020. Sipò enkondisyonèl sa a pèmèt nou rive jwenn $ 25,593.00 sou $ 44.916.00 ki se objektif 2020 pawas la. Nou rete sèlman $ 19,323.00 pou nou atenn objektif nou yo. Se konsa, jodi a, mwen bese byen ba pou m vin chèche èd ou, pou nou ede pawas la kouvri diferans la, ki se $ 19,323.00. Chay sa a ap vin tonbe sou do Sen Jewòm, kòm reskonsablite finansye si objektif nou yo pa satisfè. Mwen remèsye w alavans pou konpreyansyon ou ak koperasyon rapid ou, nan evite fado finansye an plis sa a tonbe sou do pawas la, etan nou kenbe nan sèvi sè nou yo ak frè yo nan Kris la, avèk lanmou ak diyite nan Apèl Katolik Anyèl la.

Se pou nou kontinye lapriyè Jezikri ak Manman Mari. Pou yo fè nou jwenn yon fen ak pandemi sa a.

Sensèman nan Kris la,

____________________

Pè Jean Yvon Pierre

Kire.